Publié 05-05-2026
Comment citer
Résumé
Atik sa a rakonte istwa premye poulaye endistryèl ki te genyen ann Ayiti. Se te yon fanm, Ghislaine Desquiron, ki fonde li nan lane 1951 ; mari li, Jean Desquiron, te vin entegre l nan travay la tou. Konpayi a te dire jis 1982. Yo te fè anpil siksè, sitou nan zòn Petyonvil ak Pòtoprens, epi Ghislaine Desquiron te fòme lòt moun pou yo te ka fè pwòp poulaye pa yo. Lè nou byen gade detay yo, alèd kèk jounal ki te pibliye nan epòk la ak lòt sous enfòmasyon ankò, sa ap ede nou konprann yon seri bagay ki t ap nesesè pou n ta relanse pwodiksyon nasyonal la. Non sèlman n ap pran kèk poul nan modèl dafè Desquiron yo te itilize a, n ap analize lòt faktè ki te pèmèt yon endistri kon sa pran fòm (ak sa k te kraze li, apre), tankou politik leta yo.