Envitasyon pou otè yo : pwopoze dokiman pou piblikasyon

2019-10-16

Komite editoryal piblikasyon Revi kritik sou Istwa Ayiti envite otè yo soumèt atik, revizyon liv ak fim ki fèk pibliye osinon rapò pwojè rechèch ki ap fèt kounye a, osinon rapò sou lòt kalite aktivite pou piblikasyon nan pwochen nimewo jounal la ki ap parèt pandan ane 2019-2010 la. Nouvo nimewo sa a ap santre sou santyèm ane depi Marin Etazini te al okipe peyi Ayiti, an 1915, epi tou, sou konsekans okipasyon an genyen sou Ayiti ak sou espas Karayib la. Pwopozisyon yo kapab tou sou aktivite ki ap fèt pou raple souvni peryòd enpòtan sa a nan istwa peyi Ayiti. Nimewo jounal la ka kouvri yon peryòd tan ki pi laj pase tan okipasyon an, ki enkli depi ane Etazini te rekonèt endepandans Ayiti (1862) rive jis nan fen Okipasyon an menm. Piblikasyon dezyèm nimewo jounal la ap kowòdone ak yon seri aktivite sosyo-kiltirèl piblik tankou konferans, diskisyon, deba, espozisyon foto, pwojeksyon fim, eltr., an kolaborasyon ak òganizasyon kominotè, ak esntitisyon, epi tou ak inivèsite.
Rezime atik, rezime liv ak fim otè yo vle pwopoze yo dwe rive jwenn komite editoryal la (pou pi ta) 30 septanm 2019. Se apre dat sa a komite a ap fè seleksyon pami rezime ki rive yo, epi tou ap voye konfimasyon bay otè pwopozisyon. Komite a ka aksepte pwopoziyon atik ak revizyon ki fèt an Franse, Anglè, Espayòl ak Kreyòl. Atik ki deja pibliye nan youn nan lang sa yo kapab parèt ankò pou tradiksyon nan youn nan lòt lang yo, (depi otè a gen pèmisyon pou sa). Atik ki pou pibliye yo dwe rive jwenn komite a nan fòma elektwonik (lojisyèl Word) nan dat 15 janvye 2020 osinon anvan. Editè yo va revize dokiman yo epi voye yo (san devwale non otè yo) bay lòt moun deyò ki maton nan domèn atik la trete a.
Lè ekspè yo fin bay opinyon anonim sou atik yo, otè yon atik ap resevwa rekòmandasyon pou atik la pibliye swa tèlkèl, swa ak kèk modifikasyon minè, swa ak modifikasyon majè osinon yon desizyon pou rejeksyon. Tout atik yo dwe reflete yon travay rechèch orijinal, ki pote kontribisyon itil nan istoryografi peryòd la. Atik ki seleksyone men ki pa pibliye nan vèsyon jounal la ki sou papye, kapab pibliye nan vèsyon elektwonik sou sit entènèt jounal la. Ap gen gid detaye sou sit la ki esplike ki jan pou otè yo prepare atik yo anvan yo atik yo rive jwenn komite a ; suiv lyen ki vin apre la a pou konekte sou sit la : www.revuehh.org
Tout pwopozisyon dokiman pou piblikasyon ak tout lòt kominikasyon kapab ale jwenn editè yo nan adrès imel : infocidihca@gmail.com. Si kominikasyon an ap vini nan Lapòs, voye li nan adrès : CIDIHCA ; 430, rue Sainte-Hélène, Suite 401 ; Montréal, QC, H2Y 2K7 ; Canada. Telefòn : 514-845-0880.